Mwen pa sezi ditou se kestyon sa pifò nan nou poze!
Men anvan n reponn li, ann tounen kote tout bagay te kòmanse.
Paske lang siy, li pa yon bagay ki fèk vini. Li la lontan.
Anpil ane apre sa, nan filozofi grèk yo, Plato te gentan panse: ebyen si ou pa ka pale, ou itilize sa ou genyen — men, je, figi. Men Aristòt li menm? Li kraze sa. Li di moun soud pa ka aprann. E depi lè sa, dwa yo te vin tonbe nan dlo.
Chans pou nou, nan ane 1500 yo, Cardano, Ponce de Leon, ak Bonet te deside defye sa. Bonet menm arive pibliye premye liv sou lang siy an 1620!
Abbé de l'Eppé — Papa Moun Soud
Pi gwo chanjman an? Se Abbé de l'Eppé an Frans. Nonm sa a ouvè premye lekòl pou moun soud an 1760, li kwè moun soud ka aprann epi li mete baz pou LSF. Se li yo rele "Papa Moun Soud".
Pandan sa, lòt fòm lang siy te kontinye devlope tou. Sou yon ti zile ki rele Martha's Vineyard, tout moun — soud tankou tande — te ap siyen epi viv ansanm, san prejije.
Se tout sa ki mennen nou nan 1817, lè Gallaudet ak Clerc mete tèt yo ansanm pou louvri premye lekòl pou moun soud Ozetazini. ASL fèt la, kòm yon melanj de LSF, Martha's Vineyard Sign Language, ak lòt varyete lokal.
Yon Gwo Rekilad — 1880
Men bagay yo pa t toujou fasil paske an 1880, Konferans Milan mete entèdiksyon sou lang siy nan lekòl. Yo te fòse timoun yo pale, menm rive mare men yo. Wi, mare men!
Malgre sa, lang siy pa t janm mouri. Li te viv nan kominote a.
Jiskaske William Stokoe rive nan ane 60 yo, li te pwouve ASL se yon lang reyèl, yon lang konplè ak règ pa li. Li pibliye premye diksyonè ki vin pouse lang lan sou pi gwo nivo.
Depi lè sa, lang siy te rekonèt ofisyèlman nan anpil kote. Chak kominote soud vin devlope pwòp lang pa yo.
Pou Reponn Kesyon an:
- 🧠Eske lang siy inivèsèl? Non, lang siy pa inivèsèl. Jodi a, gen plis pase 300 lang siy atravè mond lan.
- 📚Ebyen chak lang gen lang siy pa yo? Non li pa mache konsa. Se tradisyon, kilti, istwa, nesesite, ak plizyè lòt faktè ki bay nesans ak chak grenn lang siy. Yon egzanp klè: BSL, ASL, ak Auslan se twa lang siy ki konplètman diferan, menm si yo tout soti nan peyi ki pale angle.
- ✊🏾Ebyen lang siy vin rekonèt kòm lang natif natal moun soud… men, tristeman, anpil peyi toujou pa pran yo oserye. Wi, Ayiti se youn nan peyi sa yo.
Want to Learn Sign Language?
Our courses are coming soon. Sign up to be the first to know when they launch. / Kou nou yo ap vini byento. Anrejistre pou ou ka premye moun konnen lè yo lanse.
Get Notified / Resevwa Notifikasyon